Jude Charles Faustin, konseye Pwezidan Jovenel Moise manke kite po li apwè emisyon “Ranmase” nan Radyo Tele Karaib

Jude Charles Faustin, ansyen depite Ob gn, depatman Nò, konseye pwezidan Jovenel Moise fè yon eksè langaj pandan ke li tap patisipe nan yon emisyon popilè “Ranmase” nan Radyo tele karaib nan kapital la Pòtopwens, lòske li te trete moun ki tap manifeste nan lari jou 4 Oktòb 2019 la kòm yon seri moun ki te besewn manje sèlman, paske se grangou yo te grangou.”
Touswit apwè deklarasyon sa ki ensilte anpil fanatik emisyon “Ranmase” ak militan nan opozisyon an, riyèl Chavann, kote lokasyon Radyo Televisyon Karaib ap feraye te deja anvahi ak opozan ki tap tann sòti konseye pwezidan an pou plis esplikasyon.
Konsa, majò jon byen koni emisyon an ki se Jean Monard Metelus, te oblije mande konkou fòs sekirite nasyonal yo ki pou asire sekirite Mesye Faustin. Konsa, animate vedèt la te pwofite eklèsi tandans ki fè konpwann se konplo li avèk opozan yo kont ansyen Depite-a.
Konsa, ajan Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal (USGPN) pat pwan tan pou entèvni e tire anlè yon fason pou akapare Mesye Faustin.






