Springfield, Misouri : yon jènn gason jwenn arestasyon-l avèk yon santènn munisyon sou li

169
0
Share:
TRiboLAND

Depatman polis nan Springfield nan Eta Missouri deklare ke sou paj facebook li ke yo te pwosede avèk arestasyon yon jènòm ame jounnen jodi Jedi-a nan yon Walmart, alòske li te genyen yon jilè pa bal sou li ki te koze anpil panik lakay kliyantèl magazen an ki te tonbe leve kouri.

Antouka, dapwè Lyetnan Mike Lucas, Springfield News-Leader fè eta de yon msye ki te arive devan Walmart la nan Jedi apwè midi, abiye nan stil militè avèk yon jilè pa bal. Konsa, msye te antre nan espas shop la avèk yon fizi taktik. Dapwè polisye-a pat genyen yon pete ki te tire, sepandan endividi-sa te genyen sou li plis pase yon santènn munisyon.

Mike Lucas ajoute ke yon ponpye ki pat menm nan sèvis arive arete sispèk la ki gen 20 lane sèlman. Ponpye-a arive neutralize agresè-a avèk yon pwent zam e arive metrize msye jiskas ke fòs lòd yo te arive sou lye ensidan an.

Anatandan, responsab yon ap pase msye anba gwo entèrogatwa, yon fason pou detèmine rezon ki nan bon nanj li.

Share:

Leave a reply