Depatman Nòdwès: Kanpay vaksinasyon kont woujòl, ribeyòl ak polyo

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Ministè Sante Publik (MSP) nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Sante Nòdwès la, lanse yon jodi Jedi 18 Jwiyè 2019 la kanpay vaksinasyon kont maladi woujol, ribeyòl ak polyo nan vil Pòdpè.

Nan kanpay vaksinasyon sa-a vize plis pase 1.5 milyon ti lèzanj nan peyi Dayiti ki gen pou resevwa vaksen; sepandan, Nòdwès pou kò-l gen san mil ti nosan ki gen pou vaksine. Gwo kanpay sa ak fokis sou timoun ki nan laj 2 jiska 59 mwa ap resevwa vaksen polyo; 6 jiska 59 mwa ap resevwa vitamen A, epi 9 jiska 59 mwa ap resevwa vaksen kont woujòl.
Dapwè deklarasyon Dr. Ernly Jackson ki yon espesyalis nan iminizasyon e kap travay pou UNICEF anndan peyi Dayiti, nan tèt kole ak Direktè Depatmantal Sante publik la, Dr.Tony Monnestime fè konnen kanpay sa nan tout peyi a. Se yon pwojè ki koute 4 milyon dola ameriken. Direksyon depatmantal Sante Nòdwès-la renouvle angajman-l pou fè tout timoun nan 4 kwen depatman Nòdwès-la benefisye dòz vaksen sa yo pou anpèche kèk maladi rete lwen timoun yo.

Li enpòtan pou nou fè-w konnen, gen zònn nan depatman Nòdwès la ki pa janm touche de kanpay sila, akoz enfwastwikti woutyè ak absans sant santé ki pa aksesib a kominote ki anperil yo; yon sitiyasyon mizè rere ke sitwayen yo bouke adrese a responsab yo.
Jehrbson Petit, TRiboLAND






