Pòdpè – Jistis : Avoka nan Bawo Pòdpè a, kanpe ankwà pou Jeir Pierre pa enstale kòm Sibstiti Komisè

3,125

03/16/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jeir Pierre ki tap travay nan Pakè Kwadèboukè transfere nan Pakè Pòdpè a, enstalasyon an ta dwe fèt deja, men avoka yo nan Bawo Pòdpè a kanpe ankwà.

Avoka yo ki, atravè yon rezolisyon ap mennen yon batay kont koripsyon nan jiridiksyon Pòdpè a, kanpe an bandoulyè fas ak enstalasyon Mèt Pierre a; selon sa yo bay kòm detay, Jeir Pierre gen zak koripsyon sou do li ki lye li nan relasyon makrèl nan lage bandi ki nan gwoup gang sangwen 400 Mawozo nan mwa fevriye ki sot pase la. Avoka yo di: si yap mennen yon batay kont koripsyon, yo pa ka kontinye aksepte yon otorite ki nan kònivans ak bandi vin taye banda nan jiridiksyon site Kapwà Lamò a.

Malgre divès dyalòg ak rale mennen vini ant Jeir Pierre ak avoka yo, yon bal pa pati! Jodi mèkredi 16 mas la, odyans lan te tante fèt; Doyen Tribinal la, komisè Gouvènman an annatandan an Pakè Pòdpè a, avoka yo ak plizyè moun nan sosyete sivil la te reponn prezan. Pandan Jeir Pierre chita nan sal odyans lan, avoka yo wè li gen zàm sou li; sa ta pral ensilte avoka yo revòlte kont Sibstiti Gouvènman an a ki gen zàm sou li nan moman pledwari a ta pral fèt avan pou-l ta enstale. Se dènye gout dlo ki ta pral koz vaz la ranvèse: Biwo, ban ak chèz te kòmanse rale, san konte yon latriye pawòl piman bouk tankou “Nou pa vle bandi nan pakè a! Pòtoprens voye yon delenkan ba nou!

Jeir Pierre bò kote pa-l di, kèlkeswa lè kondisyon, lap prete sèman. Ke Dwayen an ak komisè gouvènman an pèmèt gen yon klima kè kal ki pou pèmèt enstalasyon fè chemen l. Selon Mèt Pierre, Ministè Lajistis ba li 3 korespondans : youn pou li, youn pou Dwayen an ak youn pou komisè Gouvènman an, konnya se prestasyon sèman lap tann.

Jeir kontinye pou-l di, repwòch avoka yo ap fè a, li pa konsidere yo pou anyen; sa plis sanble se yon seri nèg ki gen ti pwoblèm pèsonèl yo yap jere paske bay yo pa dous, lavi a chè. Jeir ale pi lwen pou di, li fè 7 lane kòm Sibstiti Kwadèboukè, yo pa reproche-l de anyen, alòske li poko menm enstale la, yo gen tan ap reproche-l; Sè ke yo gen yon lòt bagay yap chèche, daprè Pierre ki tap depoze.

Sibstiti Gouvènman an rabat pou l di, ke li senpleman vini nan jiridiksyon an, pou li fè kolònn ak komisè Gouvènman a, ansanm ak tout lòt sibstiti yo; pou fè jiridiksyon an mache, travay sou ensekirite a, ak detansyon prevantiv prolonje yo. Men li pa vini pou chita nan kòday ak avoka, ni negosye pou ofwi sa li pa genyen. Konsa,selon li menm pa genyen oken swivi lap fè. Ke Dwayen an ak tout komisè Gouvènman an fè tout sak nesesè pou li prete sèman.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.