Konsèy ministeryèl an ijans aswè madi 17 novanm 2026 la, apwè gwo mouvman solidarite pou fòs salvadoryèn yo

107
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè gwo manif pote boure pou bay mouvman Nayib Bukele a jarèt anndan peyi Dayiti, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a ta konvoke yo Konsèy Ministeryèl pwit sou kou jodi madi 17 novanm 2026 la.

Konsèy ministriyèl sila ki demare pou aswè a, deja ap bay soupson sinyati yon akò koperasyon militè ant peyi Dayiti ak peyi Salvadò. Pou anpil analis ak moun ki renmen zen; se kè sote ak tranble janm ki ta anvayi sen mèt sankant pouvwa Didier a, ki ta sanble nan moman sa, pa genyen oken pouvwa konvokasyon popilè, pandan ke yon popilasyon ap pote solidarite yo avèk etranje ki plis montre yo genyen sousi pou pèp Jan Jak Desalinn lan.

Se plis ke yon san wont, san santiman, lè lidè sangwen mete tèt ak politisyen gang, manipile ou detwi vi pwòp sitwayen lakay yo pou favorize kidnapping, gang a kravat desose peyi a nan yon nivo mekonesab ke Papa Desalinn pa tap janm swete wè. Ke mouvman Nayib Bukele a trennen yo jous nan CECOT pou libere peyi Dayiti. Sinon, yo plis ke merite enskri nan pwogram bwa kale a!

Nap raple, Eric Prince ak mouvman FRG a, plis bay yon resanblans yon fòs ki vinn apovwi peyi Dayiti. Yo pweske la pandan 2 lane pou kenbe ensekirite ak anba fo pwomès e trik mèt dam pandan yo kontinye pwoteje gwoup gang sapat ak kravat anndan peyi a avèk yon seri milyon dola chak mwa.

Share:

Leave a reply