Jij Litan Sainthelus, ki tap tande dosye John Noël Cadafy a , rann yon avan di dwa , parapò a nanyans ki genyen nan òdonans jij enstriksyon an.

10 – 23- 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòm anonse jounen mèkredi 22 oktòb 2025 lan, jij Litan Sainthelus kite prezide tribinal korepsyonèl lan nan Jeremi, tande dosye John Noël Cadafy a, PDG Platfòm an liy “Dekouvri” kite jwenn arestasyon jou kite 20 jiyè 2025 lan , aprè komisè gouvènman Pakè Jeremi an, Jean Marie Geachjeen Alexandre, te akize Cadafy kòm moun ki kraze brize nan biwo l, e menm agrese sekirite l, ak manke respè pou majistra ki nan ekzesis fonksyon l.
Plizyè santènn manm nan popilasyon an, te fè deplasman pou al sipòte akize a John Noël Cadafy, pleyan kou temwen pat mete pwent pye yo nan odyans lan, sa kite mete jij de syèj la nan ogzijans pou rann yon (Avan di dwa) sou pretesk dosye pa nan konpetans tribinal korepsyonèl lan, akoz òdonans jij enstriksyon an, Marc Donald Janvier te rann lan, fè mansion de krim.
Anfinal, pou jounen 22 oktòb 2025 lan, sè ke akize John Noël Cadafy, rekondwi nan gran prizon sivil Jeremi an, san konnen pou ki jou, lè ak dat; nan yon moman tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an, pa genyen Dwayen pou distribiye dosye bay jij . Akoz Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a sanble revoke mèt Finey Francois kom Dwayen






