Ansafolè ap disparèt nan koupe pyebwa

0 782

Ansafolè___(TRiboLAND) Sa fè plis pase 30 ane, koupe pye bwa nenpòt jan, nenpòt kote venn tounen yon fenomèm e yon aktivite ekonomik ki fè rekò bò isit nan komenn Ansafolè anwo Nòdwès. Tèt mònn yo venn toutouni, anpil sous dlo ap disparèt, venn gen plis sechrès, tout bon tè yo fenn ale nan lanmè ak konplisite mouche ewozyon, tè yo venn paka pwodui bon manje ankò, lè’n te konsidere Ansafolè se te grenye depatman Nòdwès la.


Lè sepa pou planch, se pou poto, pou travès kay, pou fè chabon oubyen pou pote nan boulanjri ou nan Dry klining. Tout aktivite sa yo pèmèt pye bwa yo koupe pa bann e pa pakèt jis pou abitan yo fè kòb pou reponn ak egzijans lavi chè a yon fason pou antre yon ti tchotcho. Sa ki pi fè mal, moun kap koupe pye bwa y opa janm fè efò pou ranplase yo atravè aktivite rebwazman kip a menm egziste nan lekòl yo ankò. Anpil bwa ak planch kite komenn nan swa pa machenn ou batiman pou al vann nan lòt komenn ou lòt vil nan peyi a oubyen nan lòt peyi.


Nan kondisyon sa yo, toutotan pye bwa ap koupe konsa, sa ap gen anpil konsekans nefas sou anviwonnman a, e deja yon gran pati nan espas fizik komenn nan ekspoze anba gwo menas katastwòf natirèl yo.


Nap raple nan tan pase yo, pyebwa pat konn koupe san bezwen, e se sou kondisyon sa te konn fèt. Nan kek peyi, leta egzije sitwayen yo plante plizyè pyebwa chak ane. Lontan moun te konn « fete fèt pyebwa » e mete sou pye anpil bèl kanpay rebwazman. Se kèk nan koz ki fè n pèdi kilti kafe ak kakawo ki te reprezante danre ki te sous ekonomi popilasyon an. Si n pa di yon mo, pita ka vin pi tris.


Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply