Yon frè PM Alix Didier Fils-Aime nan peyi Salvadò denonse li piblikman kòm gang anndan peyi Dayiti

100
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Olmo Alix Fils-Aimé lonje dwèt jouda sou pwòp frè li, PM Alix Didier Fils-Aimé kòm kwa li ta nan gwo mouvman gang anndan peyi Dayiti. Olmo fè deklarasyon sila piplikman nan yon interview televize li t’ap akòde bay yon pwogram nan peyi Salvadò ki pote non Las Cosas Como Son.

Li deklare ke frè li, PM Alix Didier Fils-Aimé genyen bonjan rapò sere kole avèk òganizasyon kriminèl k’ap efondre peyi Dayiti a. Li ajoute, Didier menm arive finanse yo, patikilyèman group gang kriminèl ki genyen Chrisla nan tèt li. Pou Olmo, yon kriminèl tankou Didier Fils-Aimé ta dwe fouke e mare kon grab, ale lage nan CECOT (gwo prizon modèn trè sofistike pou gang nan peyi Salvadò).

Olmo, nan deklarasyon li yo, te menm ale pi lwen pou li te arive ankouraje prezidan salvadò a, Nayib Bukele (Sovèlele) pou pwofite poze lapat sou frè a nan moman pasaj nan Konferans Entènasyonal pou Leta ak Demokrasi (CIED) kap oganize apati jodi lendi 16 novanm 2026 la nan El Salvadò.

Antouka, bagay yo pa piti! Se sa ki esplike annafè a, chwazi pa ale nan Salvadò nan okazyon Konferans Entènasyonal la; li prefere voye minis Jistis la, Patrick Pélissier pou yon parèy evènman. Olmo, ki se frè PM Didier Fils-Aimé, ta sanble li genyen bonjan bagay nan men li; e li deklare ke li pare kon mèt Jan Jak pou li bay prèv tout kalite, pa devan yon tribinal reselè ayisyen, men pito devan nenpòt ki enstans entènasyonal.

Olmo ki pale pase anba ti vant, bay plis detay sou yon seri zak ki genyen pou wè avèk elit politik kriminèl la ak antouraj frè li; kote gwo bwase finansman ap manipile, ak livrezon zam e kreyasyon group ame. Konsa, si alegasyon sa yo ta reyèl e chita sou yon seri prèv ki genyen nannan, travay ou kado Sovèlele vle ofwi pèp Ayisyen an, mande anpil bwas ak detèminasyon pou netwaye, eradike ou transpòte gang malandren politik yo nan CECOT.

Share:

Leave a reply