Resevwa lajan nan Biwo Transfè ak Labank nan vil Pòdpè, se yon veritab maswife ak penitans anba men eskanmòtè

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Pòdpè, Metwopòl Nòdwès peyi Dayiti, ap fè fas ak yon kriz ki pa janm sispann sou kesyon aksè a lajan nan biwo transfè ak bank yo. Chak jou ki jou, kliyan nan tout kwen nan zònn rekile yo, oblije leve bonè anpil fwa vè 3è oswa 4è devanjou maten pou fè bwas pou rive nan bank ou biwo transfè yo.
Se pa ti demagoji, mizèrere ak seremoni move san ki deklentche devan pòt bank yo. Sa vin mete lavi plizyè sitwayen yo an danje; konsa, anpil fwa kliyan yo arive viktim anba men bandi sangwen.
Nan biwo transfè tankou Mon Cash ak Nat Cash, se plis ke yon kalvè. Kliyan ki vin chèche lajan, pa ka soti ak li san yo pa fè acha obligatwa. Responsab yo prèske fòse moun yo achte atik yo pa bezwen, tankou savon, ji, oswa bonbon, pou yo ka resevwa lajan fanmi yo voye.
Sa vin tounen yon fado sou do popilasyon an, ki souvan konte sèlman sou lajan transfè pou viv. Divès viktim deja konte nan site Kapwa Lamò a, ak lòt komin nan depatman kote yo te jis vin chèche kòb. Pousantaj ke mafya tout plimay arive retire sou yon senp transfè, se kont pou kliyan yo kite tout transfè a pou yo.
Anpil evidans montre se yon seri zak kriminèl finansyè ki genyen pou wè ak kò mafya ki nan bank yo ak biwo transfè kap souse san kliyan yo anba je plizyè gouvènman sansal ki pase nan tèt peyi a depi arive kò teworis PHTK a. Gen lòt moun ki pa etone, sitou lè yo ap gade ki kalite eskanmòtè gang ki nan tèt peyi ki pa vle pèsonn moun viv sou oken fòm. Ta sanble avan lontan, bank yo ak tout biwo transfè mafya yo ap finalman mande kouche ou vyole kliyan yo avan menm pou yo ta delivre yo yon transfè.
Nan mitan tout mizè sa a, anpil vwa ap leve pou mande: kilè otorite kòriptè yo ap pran ti kal konsyans pou mete règ ak disiplin nan sèvis sa yo? Kilè moun ap ka resevwa lajan san yo pa gen pou batay oubyen riske lavi yo kontwòl mafya?






