Protestasyon popilè : Bank komèsyàl yo pran yon sant, yo tout fèmen pòt yo menm jan ak kèk anbasad etranje

1,874

09-15-2022

Potoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak gro van kolè popilè kap sekwe peyi Dayiti e ki mete tout aktivite sou mòd lòk depi plizyè jou, enstitisyon makrèl bank komèsyàl yo ke popilasyon estime ki pa inosan nan efondreman peyi Jan Jak Desalin nan, deside kadnase pòt yo atravè peyia jodi jedi 15 septanm 2022 a.

Popilasyon an pa sispan denonse okotidyen gouvènman vwayou PHTK a ki fini ak egzistans moun anndan peyi a, e li fè li nan tout nivo ke moun kapab imajine. Avèk yon seri deklarasyon iletre bò kote pouvwa kriminèl fas ak kriz gaz la, yon barik poud ta sanble pare pou eklate yon fason pou chodyè a baskile.

Anpil enstitisyon bankè ou komèsyàl sible anba menas kolè popilè ak dechoukaj; popilasyon an lonje dwàt jouda sou yo kòm ajan destriktif ki pa sipann ap rune lavi kotidyèn yo, patikilyèman nan devalyasyon san rete goud la fas ak dola blan meriken an.

Nap raple kèk manifestan ki menase pou ensandye bank ke yo kalifye “kò mafya”, kalifye yo egalman kòm enstitisyon bank e “komès sal”.

Comments are closed.