Pou yon enyèm fwa fanmiy ansyen senatè Grandans lan, Sorèl Jacinth oblije pran pou li transpò aeryen an ijans pou asistans medikal nan kapital la.

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè midi dimanch 14 septanm 2025 lan, plizyè dizenn manm popilasyon an te pwan direksyon Pak Sen Lwi pou deplasman manm fanmiy ansyen palmantè Grandans lan, Sorèl Jacinth, pou yon ènyèm fwa ki nan sitiasyon ektrèm ijans nan kad swenyaj medikal nan Potopwens.
Daprè enfômasyon ki soti nan mitan manm fanmiy ou pwòch ansyen senatè a, li genyen pwoblèm kadyak, e la fonksyone ak yon estimilatè kadyak ke yo enplante nan nivo pwatrin li ki pou kontwole ou regilarize batman kè senatè a. Alòske se yè samedi 13 septanm lan, ansyen eli Grandans la tap selebre anivèsè nesans li.
Nan okazyon anivèsè nesans Jacinth, anpil nan patizan ak senpatizan te pote kado pou li; alòske yon jou aprè kriz la ta pral egzije manm fanmiy lan transfere li nan elikoptè an direksyon kapital la bwit sou kou.






