Yon gro chèf gang sangwen mache pòs pou wout lanfè

1,320

09-22-2022

Lakoup, Pòdpè____(TRiboLAND) Yo tap chèche li tankou chyen fou ak plizyè akizasyon krim zak malonèt ki pandye sou tèt li, Mèt Kafou se non gro chèf gang ki rele Gèp Nwa a ki arive mouri nan boukante kout zam ak lapolis yèswà vè 11:00 pm nan Lakoup, yon katye rezidansyèl nan vil Pòdpè, daprè yon repòtè TRiboLAND.

Anafè a mouri nan mitan yon konsè panik ak gro detonasyon kout zam ki te kreye gro panik ak laperèz nan mitan popilasyon an. Mèt Kafou mouri nan yon kanal san e genyen akote li yon pistolè pye kochon.

Mèt Kafou te genyen nan dènye jou sa yo yon pakèt lòt gro akizasyon sou do li; sitou non li ta enplike kòm prezime alatèt nan aktivite dechèpiyaj Sant Operasyon Dijans Pòdpe ak menas zak piyaj nan rezidans Sè Miryàm yo touprè nan Chalè, nan site Kapwà Lamò a.

Pou anpil kritik, lapopo pran tròp tan pou te flite Mèt Kafou, mòtèlman blese anba bal e ki rann dènye souf li 2 pye devan, nan yon kafou nan lokalite Lakoup.

Comments are closed.