Depoze tout zam, se sèl mwayen bandi yo genyen: oubyen yo ale simetyè, oubyen yo ale nan prizon.

207
0
Share:
TRiboLAND


05 – 28 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Depoze tout zam, se sèl mwayen bandi sangwen kriminèl yo genyen; se swa yo ale nan simetyè oubyen yo ale nan prizon, se deklarasyon prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) Edgard Leblanc Fils fè sou Radyo Metwopòl.

Chèf konsèy la, Edgard Leblanc Fils pwofite anonse genyen gwo dispozisyon ki pral pran, yon fason pou remanbwe Fòs lòd yo, nan lide pou demantle gang yo kap fè sitwayènn ak sitwayen yo soufri depi plizyè ane.

Leblanc rapouswiv pou li di, ke bandi sangwen kriminèl yo pa mache nan lojik antre fòs miltinasyonal la nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply