Operasyon lapolis nan Jakmèl: plizyè gwo zàm sezi e 2 moun arive entèpele

403

Lamandou,Jakmèl____(TRiboLAND) Gwo operasyon lapolis lakay Labbé Israël jodi dimanch 5 jwiyè 2020 an nan Lamandou, Jakmèl; divès gwo zam sezi san konte yon latriye munisyon ak 2 moun ki anba kòd.

Nan moman operasyon an, ajan PNH yo te mete men sou Labbé Israël ansanm avèk boubout li ki te prezan nan kay, daprè plizyè sous.

Kidonk, lapolis prosede ak arestasyon 2 prezime koupab zam ilegal yo, konsa gen pou transfere nan Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) pou swit legal.

Comments are closed.