Rektè inivèsite piblik nan rejyon gwavyèn lan, prezante tèt li kòm kandida pou sikonskrisyon Tigwav nan pwochèn eleksyon yo.

80
0
Share:
TRiboLAND

10 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Rektè inivèsite piblik nan rejyon gwavyèn nan, doktè an Jewofrafi, pwofesè nan inivèsite, Yvener Desrosiers deside pote tèt li kòm kandida pou pòs depite pou sikonskrisyon Tigwav la.

Rektè inivèsite piblik nan rejyon gwavyèn nan, deklare li pote tèt li kandida pou pòs depite pou sikonskrisyon Tigwav sou bònèt platfòm politk SOLEÈY, se nan lide pou byen reprezante popilasyon an nan paleman ayisyen an.

Pwofesè Yvener ki fè konnen platfòm politik SOLÈY, se yon regwoupman 13 pati politik, kèk pami yo, RDNP, MANMAN, KONSA, MAPLA, AK REPA. Li deklare, yo menm nan SOLÈY, pral travay e gonfle ven li pou yo pran pouvwa a, nan tout nivo pou al korije sa ki genyen la a. Li rabat pou li di, ke yo p’wal batay kont movèz gouvènans. Li estime tout deriv ak enkonpetans ou gagotay nan nivo Leta a, se paske dirijan ayisyen yo pa asime responsabilite yo.

Nan sans sa, pwofesè Yvener Desrosiers ki ankouraje tout popilasyon an pou yo al enskri kòm elektè; konsa, yo ap kapab chwazi bon modèl dirijan ki pou reprezante yo nan pwochèn eleksyon yo ki prevwa òganize nan dat 13 desamm 2026 kap vini la a, daprè responsab yo nan konsèy elektoral pwovizwa a (KEP).

Share:

Leave a reply