UJPDH mande lapè nan komin Tigwav.

126
0
Share:
TRiboLAND

06 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Union des Jeunes Progressistes pour le Dévelopment D’Haiti (UJPDH), nan yon pwen près jounen madi 02 jen 2026 lan, mande lapè nan komin Tigwav.

UJPDH denonse tout moun kap simaye manti, fos enfòmasyon ak move pwopagan nan komin nan pou twouble lapè piblik. Yo fè konnen depi kèk tan genyen yon seri moun kap gaye manti sou kesyon divizyon ant otorite yo ak popilasyon an epi destabilize otorite yo nan enterè pèsonèl yo.

Selon responsab yo nan UJPDH, movèz pratik sa yo, pap pote oken’n avansman pou komin Tigwav; okontrè yo mete plis konfizyon, plis tansyon nan mitan popilasyon an.

Toutfwa, Union des Jeunes Progressistes pour le Dévelopment D’Haiti deklare Tigwav bezwen lapè , tèt ansanm, respè ak verite pou komin nan kapab vanse sou chimen devlopman ak estabilite.

Share:

Leave a reply