Nan objektif pou meten fen ak zak vyolans kap fèt sou sektè Vodou an, direksyon sanitè Grandans, chita pale ak diferan sektè yo.

805

04 – 10 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Parapò ak zak vyolans kap fèt sou manm nan sektè Vodou an, nan Grandans, Direksyon depatmantal ministè sante piblik la rankontre diferan sektè ak otorite etatik tankou: komisè gouvenman an, delege depatmantal Grandans lan, Kazèk 4èm ak 9èm seksyon kominal Jeremi an, reprezantan sektè Vodou an, legliz katolik ak pwotestan e latriye.

Objektif yon parèy rankont, te plis chita pou detèmine yon fòmil ansanm ki kapab rezoud pwoblèm lenchaj kap fèt sou sektè vodou an.

Pandan chita pale sila ki fèt jounen mèkredi 10 avril 2024 la, otorite kou sektè nan sosyete sivil lan ki te prezan nan bwase lide yo, antann yo pou fè kèk aksyon konjwent pou sansibilize sosyete a, e mete fen aktout yon seri fòm vyolans ki souvan fêt e rete san pini nan sosyete a.

Comments are closed.