Komisyon kominal enterimè meri Grangwav la, lanse ofisyèlman pwojè grabyon nan Gran Ravin, premyè seksyon kominal Grangwav.

62
0
Share:
TRiboLAND

10 -10 – 2026

Grangwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Konsèy kominal enterimè meri Grangwav la, lanse ofisyèlman jounen vandredi 09 oktòb 2026 la, pwojè grabyon rivyè Gran ravin nan premyè seksyon kominal Grangwav la. Selon komisyon an, pwojè sila a, lanse nan lide pou pwoteje popilasyon an k’ap viv nan zòn arisk katastwòf natirèl yo.

Otorite kominal yo ki esprime kontantman yo pou pwojè grabyon an ki lanse sou administrasyon yo, fè konnen popilasyon an pral rale yon bon souf. Yo deklare afè kesyon lè tan an mare nan tèt mòn nan, ki okazyone sitwayèn ak sitwayen yo ap dòmi je louvri, yon je fèmen, sa pral fini.

Otorite yo rabat pou esplike ke ministè anviwonman ak agrikilti genyen gwo travay pou yo fè nan tretman basen vensan yo pou evite katastwòf dlo desann ak eboulman. Se leta ayisyen kap genyen pou finanse yon parèy pwojè atravè ministè anviwonman pou yo valè 5 milyon goud.

Katèl enterimè meri Grangwav la, mande moun nan zòn kote pwojè a ap egzekite a, nan Gran Ravin pou yo kolabore ak teknisyen yo pou bon reyisit inisyativ la.

Share:

Leave a reply