200 KITS ESKOLÈ AK KITS IJYENIK: MADAM SCHNAIDYNE DERUS SIMEN LANMOU AK LESPWA POU TIMOUN AK MANMAN YO

10/04/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Se te yon jounen ki chaje ak emosyon, souri ak anpil espwa nan lakou ansyen Lise François Capoks a, kote Madam Schnaidyne Derus te distribye 200 kits eskolè ak kits ijyenik pou manman timoun ki te akonpaye pitit yo. Aksyon sa a te vini kòm yon bèl jès solidarite ak lanmou anvè fanmi yo, sitou nan yon moman kote anpil paran ap fè fas ak gwo difikilte pou satisfè bezwen eskolè pitit yo.
Pou timoun yo, jounen an te plis pase yon senp distribisyon materyèl lekòl. Se te yon moman kote anpil nan yo te kapab souri epi di ak fyète: « Manmi, m pral lekòl kounya! » Nan je ti moun sa yo, te gen kè kontan, rekonesans ak espwa. Pandan manman yo t ap resevwa kits ijyenik yo, atmosfè a te vin tankou yon fèt, yon moman kote lanmou ak solidarite te blayi nan kè tout moun ki te prezan.
Atravè inisyativ sa a, Madam Schnaidyne Derus voye yon mesaj fò sou enpòtans pou nou mete timoun yo ak fanmi yo nan sant aksyon solidarite yo. Se yon jounen ki raple nou lè kominote a mete tèt ansanm, li kapab pote souri kote gen tristès, epi limen yon ti limyè espwa nan lavi yon timoun. ANSANM NOU KA FÈ’L !!! Konkli madam SCHNAIDYNE






