Jovenel Moise anonse demaraj wout Fonds-des-Blancs rive La Colline

233

09\13\2020

Aquin____(TRiboLAND) Nan kad chèche konnen bezwen abitan kap viv nan zòn solèy kouche peyi a (depatman sid), prezidan Jovenel Moise te fè yon kout pye yè vandredi 11 septanm 2020 nan Aquin notamman nan La Colline.

Pandan pasaj li, li tou anonse demaraj travay enfrastrikti woutyè ki pral konekte Fonds-des-Blancs ak La Colline. Daprè sa ke prezidan an devwale, se Bank Mondyàl ki pràl bay travay sa yo jarèt ak yon montan 6.7 milyon dola ameriken.

Prezidan ki te genyen akote’l minis travay piblik yo ak transpò e kominikasyon, Nader Joiséus, te mete anfaz sou chantye yo ki gen pou demare apati mwa novanm prochen.

Comments are closed.