Juliette JP Francisque ap fè fas ak kansè nan tete, li lanse yon apèl pou solidarite

109
0
Share:
TRiboLAND

10/03/2026

Jan Rabèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Juliette JP Francisque, ke anpil moun konnen pou angajman li nan divès aktivite kominotè, ap travèse yon moman difisil akoz yon maladi kansè nan tete. Fanmiy ak pwòch li yo ap mobilize pou akonpaye li nan batay sa a, pandan li menm ap fè yon apèl bay tout moun ki kapab pote sipò yo, kit se sou plan moral, espirityèl oswa ekonomik.

Trè aktif nan lavi kominotè a nan komin Jan Rabèl ak tout depatman Nòdwès la, Juliette JP Francisque se yon aktè politik ak antreprenè ki patisipe nan plizyè inisyativ kominotè. Jodi a, se li menm ki bezwen solidarite ak sipò kominote a. Dapre apèl ki lanse a, nenpòt kontribisyon, kèlkeswa kantite a, kapab ede l fè fas ak depans ak lòt difikilte ki mache ansanm ak tretman maladi a.

Nan kad mobilizasyon sa a, yon Live “Solidarite pou Juliette Jean Philippe (Roro’s Plaza)” anonse jodi samdi 3 oktòb 2026, apati 6è nan aswè, sou Facebook John Vital. Aktivite a vize sansibilize plis moun sou sitiyasyon Juliette epi ranfòse chèn solidarite ki kapab ede l travèse moman sa a.

Pou moun ki vle pote sipò ekonomik, afich la mete disponib Zelle: (754) 779-9036 ak MonCash: (509) 4161-5905.

Share:

Leave a reply