Endividi pèsòn pa rive idantifye asasinen anba kout zam, yon antreprenè nan 2è vil peyi Dayiti a.

823

Emmanuel Michel, se non yon antreprenè ki vin ogmante lis moun ki mouri anba kout zam bandi nan vil Kap-Ayisyen.

07-08-2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a ta sanble vle refè sifas, nan plizyè vil nan peyi Dayiti. Endividi pèsòn pa rive idantifye krible ak katouch, yon antreprenè ki pote non, Emmanuel Michel, tou pre komin Limonad, sòti nan lanwit 07 pou leve 08 jiyè 2023 a.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, nan moman anbiskad la, Emmanuel Michel ta ka resevwa anviwon 8 katouch; li pat mouri sou plas, malerezman li te al rann dènye souf li, sou kabann lopital nan rejyon Milo.

Nan moman nap pale la, fanmiy ak zanmi antreprenè a, Emmanuel Michel, se senti mare ren e enkosolab fas ak gwo kou sa yo pran.

Comments are closed.