Nan yon operasyon tranble jarèt : Fòs lòd yo fouke yon makòn prezume vòlè zannimo

3,490

05-21-2022

Kwadèboukè____(TRiboLAND) Nan kontinyite pou lage koukouwouj dèyè bandi tout kalite, fòs lòd yo fouke yon makòn prezume vòlè zannimo nan yon operasyon tranble jarèt jodi samdi maten 21 me 2022 a nan Lilavwà 49.

Nan operasyon ajan PNH yo, yo arive mare kon grab: Pierre Paul Laguerre, Pierre Richard Alexis, Ednès Viaux, Félin Greffin, Model Jean, Jean Claude Fils, Miguelson Louis e Benose Nelson nan moman yo tap transpòte abò yon kamyon trent sèt zanimo, pami yo te genyen plis pase yon trantèn kabrit, daprè yon sous polisyè.

Pou koulya, prezime vòlò bèt yo ap reflechi anba grif leta pou swit legal yo.

Comments are closed.