Kontwòl gaz la, yon senp tès vizyèl: otorite yo pa pran lavi konsomatè yo oserye

55
0
Share:
TRiboLAND

09/21/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè chofè ak pwopriyetè machin ap leve vwa yo pou denonse kalite gaz ki vann nan kèk ponp nan peyi a, yo di sitiyasyon an gen gwo konsekans sou fonksyònman ak eta mekanik veyikil yo. Daprè temwayaj kèk itilizatè, gaz yo achte a ta lakòz pwoblèm sou motè ak lòt eleman veyikil yo, sa ki ogmante enkyetid sou kontwòl kalite pwodwi petwòl yo. Nan yon kontèks konsa, kesyon sou mekanis leta mete an plas pou verifye kalite gaz ki sou mache a vin pi enpòtan toujou.

Pou reponn ak plent yo, minis Komès la te deplase sou teren an pou l al verifye kalite gaz ki nan kèk ponp. Sepandan, fason verifikasyon an fèt la, kote yo prezante yon tès vizyèl ak “de boul je” kòm mwayen pou obsève gaz la, soulve anpil reyaksyon nan mitan popilasyon an. Plizyè moun kritike metòd sa a, paske kontwòl kalite gaz mande pwosedi teknik, ekipman apwopriye ak, lè sa nesesè, analiz nan laboratwa ki kapab detèmine avèk presizyon konpozisyon ak kalite pwodwi a.

Nan yon peyi ki rive nan lane 2026, kesyon sou estanda, kontwòl ak pwoteksyon konsomatè pa ta dwe trete tankou yon eksperyans ki fèt sou plas san zouti syantifik apwopriye. Sitiyasyon sa a relanse deba sou kapasite enstitisyon leta yo pou kontwole kalite pwodwi ki antre sou mache a epi pwoteje sitwayen yo kont konsekans ekonomik ak mekanik ki ka soti nan move kalite gaz. Otorite yo gen responsablite pou bay popilasyon an rezilta ki baze sou analiz teknik ak prèv verifyab, olye pou yo kite dout ak mefyans pran plas enfòmasyon ofisyèl.

Share:

Leave a reply