10 moun trape kolera LONI an nan “sit deplase” nan lise Marie Jeanne nan Pòtoprens.

817

03 – 28 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) 10 moun trape kolera LONI an nan yon “sit deplase” nan lise Marie Jeanne nan Pòtoprens sòti lendi 25 pou rive jounen madi 26 mas 2024 la.

Epidemi an, frape moun yo, akoz reryez kondisyon sanitè; konsa, sitwayèn ak sitwayen kontinye ap viktim nan kolera LONI an.

Fas ak sitiyasyon sa a, peyi a ap konnen jounen jodi a, ansanm òganizasyon yo lanse apèl bay swadizan otorite konsène yo, pou fè entèvansyon nan “sit deplase” ki nan lise Marie Jeanne nan, yon fason pou evite plis moun viktim anba epidemi an, yon kado malè pandye ke LONI te lege nan men Ayiti.

Comments are closed.