Moun nan lokalite Charlemagne, 12èm seksyon kominal Tigwav, touye yon volè ak 2 kabri nan men li.

171
0
Share:
TRiboLAND

09 – 11 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Abitan nan Ba 12èm seksyon Dèfoug, Tigwav, lokalite Charlemagne touye ak kout manchèt, kout ròch ak kout baton yon vòlè ak 2 kabrit nan men li, jodi vandredi 11 septanm 2026 la, ozanviwon 11 zè maten an.

Popilasyon an ki te sou brenzeng yo, konfime ke se yo menm ki arive touye vòlè a. Yo bat bravo ak lakontantman pou tèt yo paske yo arive finalman mete men sou youn pami vòlè kap fè dap piyanp sou zannimo abitan yo. Daprè temwanyaj sitwayen yo, , sa pa genyen lontan vòlè pran bèf yon sitwayen ak kabrit yon granmoun fanm nan zòn nan.

Toutfwa, abitan yo ki lanse yon mizangad bay lòt vòlè ou residivis ki ta mete nan tèt pou vin vòlè zannimo nan zòn Charlemagne, yo konseye yo kite metye a, e pa pran chans vini fè eskanmòtè nan zon nan ki detèmine pase tout vòlè alenfinitif.

Share:

Leave a reply