Ansyen depite komin Tigwav la, Germain Fils Alexandre ak Avoka li, repon’n kesyon komisè gouvènman pakè Tigwav la sou zafè patrimwan.

1,179

12-21-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen depite Komin Tigwav la, Germain Fils Alexandre repon’n kesyon la jistis jounen mèkredi 21 desanm 2022 a akoz li pat fè deklarasyon patrimwan li avan li te pran fonksyon kòm palmantè, daprè komisè gouvènman pakè jiridiksyon an Mèt Pierre Elioth Paul. 

Chèf pakè a deklare nan kad konvokasyon an, ansyen depite komin nan, Germain Fils Alexandre ki te akonpaye Avoka li,repon’n tout kesyon la jistis te poze li  nan zafè dosye patrimwan nan. Paketye a, fè konnen ke ansyen palmantè a, founi kèk enfòmasyon kap iltil pakè a.

Mèt Pierre Elioth Paul presize,se 2 envitasyon li te fè pou jodi mèkredi 21 desanm nan; te genyen ansyen Majistra Jean Samson Limongy ki te dwe repon’n kesyon pakè a, li repòte dat konvokasyon nan 8 jou atravè yon korespondans li adrese ak pakè a. Selon la lwa nan atik 104 pòtan 1995 la lwa bali dwa sa a.

Nap fè remake,komisè gouvènmen an, Mèt Pierre Elioth Paul, anonse pakè a  pral envite 3 lòt pèsonalite nan jou kab vini la a, nan menm kad dosye sila a.

JOICY Arnold

Comments are closed.