Pwoblèm pèsonèl medikal, mete Lopital Sentantwann Jeremi ajenou

148
0
Share:
TRiboLAND

02 – 21 – 2026

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Si genyen yon pwoblèm Lopital Sentantwann nan Jeremi poko fè fas, konnen ke li poko egziste. Konsa, enstitisyon sila, ki se youn ki dote ak anpil referans depatmantal, soti pouf è bèk atè ak tout kalite kontrent tankou: malmakak enèji ak disponibilite sevis debaz yo tankou, radyoloji, chiriji, sonografi, òtopedi, radyoloji ak sèvis òtopwotèz, espas ki fasilite pwodiksyon pwotèz pou malad ki genyen yon andikap fizik ou kòporèl.

Daprè anpiil obsèvatè ak paran malad nan kominote Jeremyènn lan, pou rezoud ansanm pwoblèm sila, li plis ke enpòtan pou ministè sante piblik ak popilasyon regilarize pwoblèm pèsonèl sante yo, kit enfimyè, enfimye, medsen nan diferan domèn sanitè ak pèsonèl administratif; konsa, amelyorasyon sèvis yo ap kapab ogmante pou byennèt ak sante popilasyon an.

Li enpòtan pou sinyale, lopital Sentantwann nan vil Jeremi, fè pati yon latriye lòt kap fè fas ak gwo jesyon administrativ ki tradwi fason swadizan otorite yo nan tèt peyi Dayiti jere sitwayen ayisyen.

Share:

Leave a reply