Projè konstriksyon batiman pou loje lekòl nasyonal Senjilyen Gabriyèl, anbreye sou back

1,673

06-05-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Yon konstriksyon ki ta dwe acheve depi nan mwa septanm 2021 dènye, pou loje lekòl nasyonal Sejilyen Gabriyèl kap fonksyone nan aprè midi nan lokal lekòl Lamenè pa janm fini akoz lantè ak mank responsabilite otorite yo nan komin Senlwidinò.

Nan yon premye tan, yon sal klas tap genyen pou elimine; sepandan, se gras ak konkou kèk sitwayen konsekan nan komin nan ki frape pye atè ki koz yo jwenn li. Ebyen jis koulya konstrisyon sa kanpe jan l ye a; elèv yo toujou rete nan yon anviwonman ki entenab ou maras. Kilè timoun sa yo ap sispann ale lekòl ak flach, pwiske ti kote yo charite yo a pa ayere e fè nwa kon dekou.

Popilasyon an ki trè enpasyan ap mande mouche leta pou pran tik al konsyans de sitiyasyon elèv yo nan komin Senlwidinò. Timoun jodi se granmoun demen! Fason nou trete yo kapab jwe sou konpòtman yo nan sosyete a. yon dirije ki neglije valorize edikasyon pou jèn, toujou peye sa nan moman vyeyès yo. Yo mouri tankou krab akoz mank kopetans ak resous nesesè.Popilasyon an fè konnen yo peye taks tankou tout moun atravè peyi a; leta gen pou devwà finalize yon parèy pwojè kap kanni ou rouye sou pye.

Yon lòtbò, divès sitwàyen fè konnen ke timoun yo pap pase mwa septanm 2022, nan lokal Lamenè a ankò. Yo mande tout enstans kosène pran responsabilite yo pou lekòl la gen blòk sanitè ak fenèt pou yon fonksyone nòmal. Konsa, reyisit elèv yo kapab garanti e pwosesif aprantisaj la kapab asure san kontrent ak peripesi tout kalite.

 Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.