Ensekirite ap monte nan site Kapwa Lamò a, pandan blakawout la kontinye ap taye bandan ak absans lapolis nan lari yo

310
0
Share:
TRiboLAND

12/16/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan vil Pòdpe, sitiyasyon ensekirite a ap pran plis anplitid anba efè blackout repete ak absans bakòp polisye nan plizyè ri estratejik. Nan moman fèt fen d’ane yo, kote gen anpil mouvman nan lari, bandi ak eskanmòtè parèt ap pwofite sitiyasyon an pou fè dappiyanp sou popilasyon an. Plizyè sitwayen deja rapòte yo viktim zak vòl ak agresyon, sitou nan zòn tankou Pon Manriboul, Ri Notre Dame, dèyè Kap Sè a, sou Chan, pou n site sa yo sèlman.

Depi kèk tan, plizyè rezidan Pòdpe ap leve vwa yo pou kesyone rezon ki fè Direktè Polis Nòdwès la, Fred Joseph, ta sanble tolere absans bakòp polisye nan lari Pòdpe yo, espesyalman nan peryòd sansib sa a. Dapre temwayaj yo, endividi ki pa rive idantifye ap sikile lib, ap bwake moun pou pran lajan ak lòt byen, san yo pa rankontre okenn rezistans.

Fas ak sitiyasyon sa a, popilasyon an lanse yon apèl bay otorite lokal yo ak responsab sekirite yo, pou yo pran mezi ijan ak nesesè pou mete lòd ak sekirite nan vil la. Daprè sitwayen yo, si pa gen repons rapid ak aksyon konkrè, pratik sa yo ka vin pran plis fòs e mete lavi ak byen moun an danje grav.

Share:

Leave a reply