Konfizyon total: Nouvo prezidan KPT a mande entegrasyon BSAP nan sekirite peyia, alòske nouvo delege depatmantal Nòdwès la mande ajan yo depoze zam

582
0
Share:
TRiboLAND

03 – 08 – 2025

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nouvo prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean mande pou entegre BSAP nan mouvman sekirite peyia, alòske nouvo delege depatmantal Nòdwès la, Rock Ecxéus mande ajan yo pou depoze zam yo nan Nòdwès peyia.

Pou anpil moun kap swiv, vyolon otorite yo nan nivo gouvènans peyia pa akòde. Se yon veritab kakofoni ki remete an kesyon konpetans ak kapasite jijman swadizan moun ki nan sèvis piblik peyia. Si responsab BSAP yo nan Nòdwès peyi Dayiti te aji fas ak deklarasyon tèt anba nouvo delege depatmantal Nòdwès la, ki tap egzije ajan èpwoteje yo depoze zam; jounen jodi sa, li tap reyèlman lèd anpil pou se li menm ki ta pral mande yo pou repran zam yo, nan yon moman kote ke nouvo prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean ap fè apèl ak Fòs BSAP yo pou pote boure nan kad ranfòseman sekirite tèritwà nasyonal la.

Antouka, delegasyon Nòdwès la akouche yon jilbwèt, ki tèt koupe ak yon seri konpòtman souflantchou nèg pwovens, ki toujou rete kwè nan bay manti ou pran dikta nan men swadizan dirijan Pòtopwens kap mete yo devan san reflèks ak limyè panse kritik. Nou pa bliye ka ansyen komisè gouvènman mèt Virgil la, ki te enplike nan zafè kagezon zàm nan vil Pòdpè a aprè swadizan gwo chèf nan kapital la tap fè li fè tenten.

Nap raple, triyo Delegasyon depatmantal Nòdwès la, enstale vandredi 28 fevriye 2025 lan nan vil Pòdpè, alòske moun te kapab remake prezans Josué Alusma, yon majistra konteste ou enkonpetan gouvènman Alix Fils-Aimé ak swadizan militan politik kap bwase anndan peyia, Moise Jean-Charles enpoze popilasyon Pòdpè a.

Li egalman bon pou presize, Josué Alusma genyen yon dividal kontestasyon popilè ki tonbe sou tèt li. Li pase plis pase 9 lane ap grate santi e menm devlope fatra anndan vil Pòdpè. Li rekondwi anba nan figi popilasyon pòdepezyèn nan akoz kòwonpi nan KPT a ak nan klas politik raketè a sou baz favè ak pwomès ki chita sou enfliyans trik elektoral.

Share:

Leave a reply