Sant anrejistreman elektè yo ki nan lokal Lekòl kongreganis 6zyèm seksyon kominal Jeremi an fonksyone nan vi ralanti.

08 – 31 – 2026
Jeremi, Kafou Sanon, Ayiti____(TRiboLAND) Selon konsta ak temwayaj abitan yo nan komin Jeremi ki fè pati kominote Kafou Sanon, 6zyèm seksyon kominal Jeremi, prezans pèsonèl vakatè KEP yo pa tèlman disponib pou akeyi sitwayen ak sitwayènn yo ki vle anrejistre kòm potansyèl elektè nan pwochen eleksyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé an.
Anpil sitwayen ak sitwayènn ki fè deplasman preske chak jou ki jou, pa prèske kwaze ak antite ki konsène yo nan sant anrejistreman Kafou Sanon an. Fas ak yon parèy deriv, kominote an mande manm konsèy elektoral pwovizwa a, pou pase enstriksyon fòmèl ak ajan rejis elektoral sa yo, gad elektoral ki siyen kontra ak leta Aysyen via konsèy elektoral pwovizwa a pou prezan nan pòs travay yo chak jou, jan kontra yo siyen an mande sa.
Pou anpil manm kominotè, si moun ki genyen responsabilite yo pa pwan travay la oserye, elektè yo ap dekouraje nan pwosesis enskripsyon an.






