Pòdpè : Doktè Jacques Mackendy Anarius enstale kòm nouvo Direktè Medikal Lopital Imakile Konsepsyon (HIC)

08/24/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Doktè Jacques Mackendy Anarius enstale kòm nouvo Direktè Medikal Lopital Imakile Konsepsyon (HIC) nan vil Pòdpè, se Doktè Metelus Heribert ki te pwosede ak enstalasyon an.
Li ranplase nan pòs sa a Doktè Paul Miclaude, ki te remèt demisyon li nan kòmansman mwa dawout la, apremè li te pase yon peryòd ap dirije enstitisyon an.
Enstalasyon nouvo direktè medikal la fèt nan yon kontèks kote HIC ap fè fas ak gwo difikilte nan fonksyònman li. Depi apre demisyon Doktè Paul Miclaude, plizyè sèvis lopital la te paralize, sitou akoz dezakò anplwaye yo sou fason sitiyasyon an te jere.
Arive Doktè Jacques Mackendy Anarius nan tèt direksyon medikal la ta dwe pèmèt responsab yo travay pou retabli fonksyònman nòmal lopital la epi relanse sèvis ki te afekte yo.
Pou kounye a, atansyon ap rete fikse sou nouvo direksyon an ak mezi li pral pran pou eseye mete HIC sou wout nòmal fonksyònman li.






