Ekip ” Nap Valorize Valè Yo” pote sipò pou prizonye yo nan Prizon Sivil Pòdpè a

08/01/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad aktivite solidarite li yo, ekip “N ap Valorize Valè Yo”, ki baze nan vil Pòdpe, kòmanse mwa dawout la ak yon aksyon charitab an favè prizonye ki nan Prizon Sivil Pòdpe a.
Jodi samdi 1e dawout 2026 la, manm ekip la te rann yo nan Prizon Sivil Pòdpè pou pote kèk ti materyèl ak pwovizyon bay prizonye yo. Objektif demach sa a se te montre prizonye yo pa poukont yo, epi raple yo enpòtans lanmou, solidarite ak sipò sosyal, menm nan moman ki pi difisil yo.
Aksyon sa a te reyalize gras ak sipò Madanm Ritha Alexandre, yon pitit La Plat, ki te bay kontribisyon li pou fè distribisyon an posib. Malgre don an pa t gwo an kantite, li te gen yon gwo valè sou plan imanitè, paske li te pote espwa ak kè kontan bay anpil prizonye.
Responsab ekip “N ap Valorize Valè Yo” ki gen nan tèt li Valmond Herode te pwofite remèsye Madanm Ritha Alexandre ansanm ak tout fanmi li pou jès jenewozite sa a. Yo fè konnen chak kontribisyon, kèlkeswa gwosè li, kapab chanje lavi yon moun epi bay lespwa kote dezespwa t ap domine.
Yo lanse yon apèl bay lòt sitwayen ak moun ki gen bon volonte pou kontinye apiye inisyativ solidarite sa yo, pou ansanm yo kapab pote plis limyè ak diyite bay moun ki pi vilnerab yo.






