Tigwav trajedi: 2 jènn ki renmen-Reginal Hyacinthe ak Lorvina Benêche mouri nwaye pandan yo te al benyen sou plaj.

1,261

02-21-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Hyacinthe Reginal ak Benêche Lorvina, se non 2 jènn ki renmen; yo mouri nwaye nan kad yon nofraj jounen madi 21 fevriye 2023 a, ozanviowon inè, nan yon ti lokalite zòn kotyè ki rele Platon ki trouve li nan 3èm seksyon kominal Tigwav, Trou Chouchou, selon sa pwòch viktim yo rapòte.

Ensidan sa a rive, daprè fanmi viktim yo, nan moman anmoure, anmòrèz yo te kite vil Tigwav, nan yon piwòg (yon ti bwa fouye) epi rann yo nan ti lokalite ki rele Platon, zòn kotyè nan 3èm seksyon kominal Tigwav, Trou Chouchou.

Nap siyale, anpil moun genyen gwo dout sou fason 2 jènn sa yo nwaye nan lanmè a. Divès kesyon ki rete san repons pa sispan sikile pou detèmine koz lanmò yo. Lòt ipotèz, ta avanse ajitasyon lanmè petèt ki ta lakoz mesye dam yo rive pèdi lavi yo. Pou kounye la, 2 kadav yo trouve yo nan yon mòg prive nan vil Ti Goav sou lòd fanmi viktim yo.

Yon dosye TRiboLAND media ap swiv pou lektè e lektris li yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.