Fyète Tigwav inogire “Sant Touristik Byenvini Tigwav” nan okazyon selebrasyon fèt patwonal Notre Dame.

469
2
Share:
TRiboLAND


08 – 16 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Fyète Tigwav reyalize yon seremoni pou inogire “Sant Touristik Byenvini Tigwav” jedi 15 dawout 2024 la, ozanviwon 6 zè pm nan lokalite Ba Mòn Tapyon sou wout Nasyonal nimewo 2 a nan 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav.

Seremoni inogirasyon an dewoule an prezans divès pèsonalite etatik, kèk manm sektè prive a, plizyè dyaspora, kèk reprezantan òganizasyon debaz e sosyo politik ak manm nan popilasyon an.

Ajan egzekitif enterimè prensipal meri Tigwav la, mesye Bertrand Subrème ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare Sant Byenvini Tigwav la ofisyèlman ouvè, dapwe li nenpòt moun kapab vin fè foto, lè yo vle, lè yo pipito. Majistra enterimè a, mande moun kap viv nan lokalite Ba Mòn Tapyon pou pwoteje sant la, li kwè se fyète tout moun Tigwav.

Nap fè remake, se yon pwojè estriikti Fyète Tigwav la reyalize avèk patisipasyon tout pitit Tigwav: tankou manm dyaspora a, kèk manm nan sektè prive a, pandan yo genyen pèspektiv pou reyalize plizyè lòt pwoje nan fen ane 2024 la.

Share:

2 comments

Leave a reply