7èm edisyon “Tigwav sou bisiklèt” dewoule nan komin Tigwav san tèt chaje

08 – 15 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRIboLAND) Inityatè 7èm edisyon “Tigwav sou bisiklèt” dewoule nan lari Tigwav, jodi Samdi 15 dawout 2026 lan san oken ensidan. Ane sila, se yon seri tifi ak tigason ki defile nan mouvman an.
Kèk inityatè ki tap repon’n jounalis nan okzyon an, deklare ke mouvman genyen 7 lane depi l’ap layite ak òganize aktivite bekann, se nan lide pou retire estrès lakay jenès la pandan yo di, yo tou pwofite voye yon siyale pozitif bay tout moun nan mond lan ke jenès Tigwav la plis kanpe sou bagay pozitif kef è foulay.
Pakou yo te fèt plis sou Ri Desalin, ri Lama, Granri Tigwav, Avni Libetè, chemen LaFon , wout Nasyonal # 2, Bònsòlda, Avni Larat ak Ri Benwa, se kèk zòn Tigwav ki te pwivilejye kous pedal la, nan okazyon 7èm edisyon “Tigwav sou bisiklèt”. “Yon lòt Ayiti posib, nou tout ka fèl”, dapwè slogan edisyon 2026 la.
Toutfwa komisyon pa chaj, inityatè yo nan mouvman an, mande leta atravè ministè espò a, pou akonpaye yo nan kad 8èm edisyon an. Pandan yo vle leta a rete yon patenè enpòtan pou yo nan mouvman sila sa a.






