Yon avoka militan nan bawo jiridiksyon vil Tigwav, fè konnen pm Alix Didier Fils Aime pa genyen ni kalite ni lejitimite pou reyalize eleksyon nan peyi a.

201
0
Share:
TRiboLAND

08 – 20 – 2026

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Lorio Louis Charles, nan yon interview li akòde ak laprès jedi 20 dawou 2026 lan, deklare PM Alix Didier Fils Aime pa genyen ni kalite ni lejitimite pou I reyalize eleksyon andan peyi a.

Mèt Loriol presize ke Konstitisyon pa bay yon premye minis aksè pou li konvoke pèp la pou al patisiipe nan eleksyon. Mete sousa, li di pa genyen oken kondisyon sekiritè ki reyini pou reyalize eleksyon nan peyi a. Li esplike pètinamman ke premye minis Alix Didier Fils Aime konnen klè kon klewoz ke li pap kapab fè eleksyon yo; mèt la fè konnen se nan farin ekip defakto ap woule sitwayèn ak sitwayen yo, se lajan kap boule. Loriol ale pi lwen pou li di ke tout madjigriji kap fèt la yo, se pou fè entènasyonal plezi pap genyen pyès eleksyon.

Toutfwa, òm delwa a ki kwè ap genyen yon lòt nouvèl ekip tranzisyon a 2 tèt; ki donk yon prezidan kap kapab genyen kalilite ak lejitimite pou envite pèp la ale patisipe nan eleksyon yon fason pou remete kanpe tout enstitisyon yo ki kraze plat atè depi plizyè ane epi pèmèt peyi repran’n ray demokratik li.

Share:

Leave a reply