Yon gwoup sitwayèn, sitwayen leve vwa yo pou egzije Ariel Henry nome yon nouvo katèl nan tèt meri Tigwav la.

846

09-30-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayèn, sitwayen ki pa dakò foto sikile sou rezo sosyo yo, mande gouvènman defakto Ariel Henry a, pou nome yon nouvo katèl prese-prese pou dirije meri Tigwav la, yon fason pou fini ak kòripsyon kap taye banda nan enstitisyon an.

Pou konpatriyòt sila yo, nouvo katèl majistra enterimè ki pral nome a, dwe pran fonksyon rapid yon fason pou desèvi popilasyon an ki nan nesesite sèvis tout kalite depi plis pase 3 lane.

Sitwayèn ak sitwayen yo, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse ak fòs yo, yon ti gwoup moun ki mete tèt yo ansanm kap koupe rache nan yon meri ki pa menm genyen adrès, pandan ke se nan machin ajan ekzekitif enterimè yo ap fonksyone e règle tout zafè yo.

Toutfwa, gwoup moun sa yo bay gouvènman defakto Ariel Henry la, dat 10 oktòb 2023 kap vini la a, nan lide pou nome yon nouvo katèl prese-prese nan tèt Tigwav, yon katèl serye, moun pwòp ke kominote a kapab fè konfyans, e ki pral kapab amelyore soufwans popilasyon tigwavyèn nan.

Comments are closed.