Tigwav : Kòdonatè LDDH denonse pwoblèm anbouteyaj sou wout Nasyonal nimewo 2 a nan zòn Kipidon

309
0
Share:
TRiboLAND

09 – 17 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kòdonatè Ligue des Défenseurs des Droits Humains (LDDH), mèt Wilxo Noël nan yon interview li akòde lapwès jounen mèkredi 16 septanm 2026 lan, denonse anbouteyaj li di ki genyen sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan 11èm seksyon kominal Ravin Sèch Tigwav nan lokalite Kipidon.

Militan dwa moun nan fè konnen, sitiyasyon sa arive pwodwi, se swit ak yon dalo li di otorite yo ap konstwi nan zòn nan depi plis pase 3 mwa ki pa fini; konsa, se sa ki lakòz pwoblèm anbouteyaj sila, e ki ran’n perimèt la vin enpratikab.

Noel fè konnen pwoblèm blokis sa a, lakoz anpil gwo dega tankou moun mouri, pye kase, anpil kamyon ak Taptap chavire nan espas la. san konte viktim motosiklèt.

Share:

Leave a reply