James Civil jwen arestasyon li nan 10èm seksyon kominal Tigwav.

39
0
Share:
TRiboLAND

05 – 03 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Kazèk annaprè 10èm seksyon kominal Tigwav la, Reginald Saint Jean, mete anba kòd James Civil, jounen samdi 02 me 2025 lan, nan lokalite Larifi.

Selon kazèk Reginald, se fanmi James Civil ki fè arete li, akoz lap viktim yo sitou lè fin fimen pay raje; mete sousa li abitye fè prizon. Daprè sa kazèk asesè a di, fanmiy lan rapòte li bay lapolis nan Pòtopwens, nan zòn Tomasen. Konsa, yo te pwosede ak arestasyon li nan Baz Timakak, e se lè li fin sove nan prizon li retounen al viv 10èm seksyon, kote ke l’ap teworize fanmiy lan.

Nap fè remake, pou kounye a, James Civil ap reflechi nan gran komisarya Tigwav la. An atandan la’l repon’n kesyon lajistis pou zak fanmiy lan repwoche li.

Share:

Leave a reply