Kanada deside sanksyone 2 ansyen minis Ariel Henry pou kòrisyon ak aktivite gang

1,245

12-20-2022

Otawa, Kanada_____(TRiboLAND) Si avan se te Michel Martelly, Youri Latortue, Joseph lambert, Rony Celestin, Shérif Abdallah, Reynold Deeb, Laurent Lamothe, Gayry Bodeau, Gilbert Bigio e latriye; fwa sa se tou pa 2 ansyen minis gouvènman Ariel Henry a, Liszt Quitel ak Berto Dorcé ki figire nan lis atoufè kòriptè ke peyi Kanada sanksyone kap sipòte gang kap destabilize Ayiti, daprè yon kominike minis Afè Lòt bò Dlo kanadyen an, jodi madi 20 desanm 2022 a.

Se konsa, menm jan ak lòt kriminèl yo, 2 nouvo prezime kriminèl sa yo ap genyen entèdiksyon pou yo pa mete pye yo anndan peyi Kanada akòz patisipasyon yo nankòripsyon avèk aktivite makrèl gang, selon lwa imigrasyon ak proteksyon refijye. Ajoute ak sa, 2 malfektè yo pap kapab antreprann oken tranzaksyon finansyè nan peyi Kanada akoz blokaj sistematik lajan ou byen yo.

Peyi Kanada reproche mètdam sa yo, deske yo te ap itilize estati otoritè yo pou proteje ak fasilite yon seri aktivite ilegal, gang, e kriminèl; sitou nan sa ki genyen pou wè avèk bay gang tete, dolote gang, lave lajan, ak divès lòt driganday kòripsyon.

Antouka, genyen endikasyon ke lis kòripsyon prezime malfekte yo ki efondre Ayiti a, ap kontinye e li ta sanble li byen long. Nap raple, Liszt Quitel se yon ansyen minis Ariel ki soti nan zantray pati politik Piti Desalin nan.

Comments are closed.