Gadkòt blan meriken refoule 190 migran ayitien nan peyi Dayiti

1,059

11-27-2022

Selon jounal dominiken , Listín Diario ki sòti jodi dimanch 27 novanm 2022 a, Gadkòt blan ameriken entèsepte yon group 190 migran ayisyen abò yon vwalye anbwa nan lanmè Florid yè lendi a.

Selon Listín Diario, nan 190 moun ke yo entèsepte yo, genyen: 55 fanm, 46 tinosan ak 89 gason. Otorite amerikèn yo te refoule yo tout nan peyi Dayiti nan jounen vandredi 25 novanm 2022 a.

Jounal la ki petèt bezwen jistifye rapatriman vyolan ak ennimen kap fèt sou migran ayisyen yo nan repiblik dominikèn, chèche jwen petèt nan yon entèsepsyon migran ayisyen ki fèt depi lendi pase; li klè yon parèy zèl kat ta sanble vle demontre ke peyi Etazini ap adoptè menm mezi rapatriman yo tou, yon fason pou proteje lakay yo; pourquoi pas Repiblik Dominikèn! Se malere, se pa menm kad figi. Sa se pa, “Kou pou kou, Bondye ri”.

Kidonk, youn nan pi gro diferans suseptib ke jounal la petèt pa konsidere, se ke: migran ayisyen ke peyi Etazini depòte yo, pa janm viktim yon seri tretman ki chita sou menase vi moun, netwayaj etnik, esklavaj modènn, eksplwatasyon, konpòtman rasis ak travay fòs e san san peye.

Comments are closed.