Asosyasyon taxi moto yo nan Jeremi mande leta pou rezoud pwoblèm ensekirite jeneralize an.

50
0
Share:
TRiboLAND

08 – 05 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pòt pawòl asosyasyon taksi moto yo nan Jeremi, Charles Macken plede anfavè lib sikilasyon sou wout Jeremi – Kay pou bout Pòtoprens, yon fason pou moun Jeremi kapab al vann pwodwi yo nan kapital lan.

Toujou daprè pòt pawòl estrikti òganize sila, manm gouvenman an plis ke malonèt pou yo genyen kouraj pou ap pale eleksyon nan yon peyi kote moun pa kapab sikile kòm sa dwa.

Fas ak ansanm pwoblèm sa yo ki genyen gro konsekans sou anviwònman sosyal ak ekonomik an, pòt pawòl asosiyasyon an, Charles Macken egzije ekip ki sou pouvwa a, pou re-etabli lòd piblik atravè teritwa nasyonal lan; rezoud kèk pami pwoblèm sosyal yo e kreye dyòb pou jènn yo nan pèmèt yo jwenn travay ak bonjan fòmasyon pwofesyonèl; se lè sa gouvènman an ap kapab pale sou òganizasyon eleksyon.

Share:

Leave a reply