Yon gwo kamyon tonbe 4 kawothwou anlè sou yon ti pickup nan lokalite Kipidon, 11èm seksyon kominal Tigwav.

09 – 01 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Yon gwo kamyon koulè miltikolò tonbe 4 kawoutchou anlè sou yon ti pickup jodi madi pwemye Septanm 2026 la, sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan lokalite Kipidon, 11èm seksyon Ravin Sèch, Tigwav.
Sitiyasyon sa a rive, se swit ak yon Dalo leta santral ap konstwi nan zòn nan depi plizyè mwa sou sipèvizyon lameri ki pa jam fini, e ki lakoz aksidan sikilasyon sila pwodwi nan zòn nan.
Yon lòt kote, pasajè y oak tout chofè yo k’ap frekante wout Gransid la, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse epi kritike sitiyasyon sa a k’ap devlope sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan onivo lokalite Kipidon Tigwav. Yo fè konnen chak fwa yo frekante zòn sila a, se 2 a 3 zèd tan y’ap pase nan anbouteyaj ki endinye yo e ki revòlte yo.
Antouka, popilasyon an mande, si genyen leta nan nivo local ak santral, fasilite yon ti entèvansyon prese – prese yon fason pou rezoud pwoblèm sila ki se yon veritab mizèrere maswife.






