Tigwav : Jounalis Zicout Makendy ekri yon lèt tou louvri bay komise polis la, Herard Joseph.

03 – 10 – 2026
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon lèt tou louvri ki date jounen madi 10 mas la, jounalis repòtè Radyo Kiskeya, Zicout Makendy ekri e voye bay komisè polis Tigwav la, mesye Herard Joseph.
Selon jounalis Zicout Makendy, lèt tou louvri sa a, ki ekri e ki adrese komisè polis la, se nan lide pou l mande li pran mezi ki apwopriye pou anpeche gwo kamyon trelè yo sikile nan vil Tigwav ak gwo vitès ki represante yon menas ki pandye sou tèt elèv yo, paran yo, anseyan yo, ak dirijan yo nan moman lekòl.
Konfrè jounalis la, ki deklare lari Tigwav tounen yon kote paran genyen gwo lapèrèz pou frekante li akoz yo genyen gwo kè kase sitou lè paran yo voye timoun yo pran lari pou yo al chache timòso edikasyon. Li deklare pwotesyon lavi moun, se premye misyon lapolis genyen an matyè sekirite piblik.
Toutfwa, jounalis Zicout Makendy fè konnen, sitwayèn ak sitwayen yo ap obsève; y’ap tann aksyon solid, dirab paske daprè li, sekirite lavi timoun lekòl yo, paran yo, anseyan ak dirijan yo pa yon jwèt.
Nap raple, sa pa genyen lontan depi yon gwo kamyon trelè 18 kawoutchou te manke touye jounalis repòtè Radyo Kiskeya a, Zicout Makendy nan Tigwav ak tout pitit li nan moman li tap mennen li lekòl.






