Twonson wout Senlwidinò – Ansafolè make malè ou dràm

1,951

07-27-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Soti 25 pou ri 26 jiyè 2022 a, plizyè aksidan pwodwi sou twonson wout Senlwidinò – Ansafolè a, selon kèk pasajè ak chofè ke TRiboLAND te arive rankontre.

Depi soti rivyè Dèba jis rive Bono, pa gen espas pou 2 komyon sou wout la. Difikilte ak mizèrere popilasyon avwazinant yo ap fè fas, se plis ke lanfè. Kèk chofè ki pa manke salanbe gouvènman anplas, deklare trè souvan yo pafwà oblije kase tèt tout tèlman se yon sitiyasyon ki revòltan.

Anplis, sou yon twonson wout parèy, chofè yo trè souvan pase yon bon bout tan ap kondwi avèk anpil enkyetid e pridans yon fason pou yo pa tonbe nan falèz.

Se konsa, anpil moun ap mande ki kote pwojè pou konstriksyon wout Pòdepè – Ansafolè a fè ? Kote pwomès travo piblik te fè meri yo sou fon ki te disponib pou pase men nan wout sa yo anvan fèt patwonal yo. Eske se tann nap tann aksidan rive pou nal ranmase moun nan lanmè mòn van anvan nou aji nan zòn sa a?.

Yon lòt fwa ankò popilasyon an mande MTPTC, revize misyon li genyen fas ak popilasyon an.

Pierrilien Nicol Colly


Comments are closed.