Lameri Tigwav resevwa asosyasyon TAMANI nan kad yon prezantasyon yon pwojè sou jesyon lojistik WOZOLAB.

45
0
Share:
TRiboLAND

07 – 26 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan lide pou modènize sèvis piblik yo epi amelyore kondisyon asenisman nan vil la, lameri Tigwav resevwa samdi 25 jiyè 2026 lan, yon prezantasyon pwojè sou lojisyèl WOZALAB, gras ak inityativ yon asosyasyon kiltirèl ki pote non TAMANI.

Selon konsèy kominal Tigwav la, zouti teknolojik sa a, vini pou ranfòse jesyon dechè yo, planifikasyon ak swivi entèvansyon yo, amelyore kalite sèvis administrasyon kominal la ap bay popilasyon an.

Toutfwa, konsèy kominal Tigwav la remèsye asosyasyon TAMANI pou sipò li nan kad demach sila a, epi re-afime detèminasyon li pou kontinye entegre inovasyon teknolojik nan jesyon komin nan. Konsa, Lameri pwofite okazyon pou envite sitwayèn ak sitwayen yo pou kontinye kolabore pou kenbe anviwonman an pwòp.

Share:

Leave a reply