Gabriel Moïse, granfrè Prezidan Jovenel Moïse deklare mezi pou detente machin vit fume yo abitrè

429

03/15/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Gabriel Moïse, gran frè Prezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse, soti nan silans li jounen jodi a; kèk jou aprè l te fin viktim anba men Lapolis ki te tante detente vit machin li answit fouye l antyèman nan kad mezi # l Msye Joseph Joute, Alatèt Primati a.

Nan moman nap pale la, Msye Gabriel Moïse deklare l ap viv ak gwo kè sote paske l krenn pou ti mesye polisye yo pa depoze zatrap tankou: dwòg, zàm ak pwa grate (ma chacha) anndan machin li pandan li kritike Premye minis defakto a, pou yon mezi parèy kit e dwe bay omwen yon 90 jou dèle. Li estime ke zak lapolis yo poze nan machin li nan moman li te kete machin li ap mache, se reyèlman abitrè.

Kesyone l sou bonjan rapò l ak prezidan Jovenel Moïse, Gabriel te fè TRiboLAND konnen ke li pa gen oken pwoblèm ak ak tifrè l, men se pito ak “Prezidan” an sou fason l ap menen bak peyi a ki fè tout moun kapab di Ayiti pa yon peyi men se pito yon savan kote tout moun fè sa yo pito.

Gabriel Moîse, gran frè Prezidan Repiblik la, msye Jovenel Moïse, fini pou l di peyi Dayiti pa gen dirijan. Se pa yon peyi ditou! Se definitivman yon savann kote ilegalite se sèl kòk chante. Li ajoute pou li di ke prezidan Repiblik la pa zanmi’l!

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.