Vann gazolinn nan lari Jeremi, yon fatalite anba je swadizan otorite yo.

862

01 – 14 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Depi kèk tan, machann gazolinn kap vann sou mache enfòmèl lan, pa genyen yon espas ki pwòp a yo menm.

Devan lopital, komisarya, tribinal depè, pakè, bank, restoran, kou plas piblik yo, fanm, granmoun, jenn moun kou ti moun ki pako genyen laj majè, livre yo nan vann gazolinn nan pri tèt nèg ke leta ayisyen pa fikse.

You jèn gason ki anviwon 18 tan, nan temwayaj li, fè konen li oblije lage l nan trafik bwase gazolinn lan, jis pou fè yon ti benefis pou ede tèt li ak manman l, yon vèv fanm kap soufri ak yon maladi depi plizyè ane, san ke l pa jwenn pèson pou ede l.

Fòk nou fè remake, akoz pwoblèm ensekirite nan rantre Sid kapital la, kamyon sitènn pa travèse pou pote gaz vinn nan Jeremi, sa ki pèmèt galon gazolinn lan vann 1250goud sou mache enfòmèl lan, anba je swadizan otorite yo nan Jeremi. ‎

Comments are closed.